Diferans ant rete lakay ou ak pran laria san bezwen
Sa fè plizyè mwa depi maladi coronavirus ap fè ravaj nan lemond antye depi semèn Pase yo dekrete viris sa a se yon pandemi sa ki pi di a yo pouko jwenn oken medikaman pou li tout peyi sou latè fèmen fontyè yo ak lot peyi pou anpeche korona a vin taye bandal nan pèp yo . Paskel fasil pou ratrapel el fasil pou bay li tou kounye pral bay ki diferans ki genyen ant chita lakay pou yon ti bout tan ak al fè tout viw nan simityè sanw pa kite yon manb nan fanmiw vivan si gen youn ki rete ou lagel nan mizè. Anvan nou bay diferans selon oms coranavirus la se yon maladi "zoonotiques" sa vle di se yon maladi ki transmèt de bèt ak moun pou plis info al fouye yew gade sou sit oms la klike souOMS pouka konnen byen tan li ka viv klike ici Ok ann tounen koten te ye a.
- li anpeche yo pote maladi a nan kay
- si yon moun nan kay la genyenl li ka kontamine tout rès moun ki nan kay la
- menm moun sa a ka kontamine anpil lot moun ki te pre li ou kite manje ansanm avel
- li ka menm kontaminew ou menm kite nan laria Lew rantre ki pral kontamine tout pwòch ou ak sila ki pa pwòch ou pi presizeman madanm ou ki pataje menm kabann avew Manmiw,pitit ou ki pral jwe ak lot timoun
- nan peyi Ayiti nanpwen lopital preske pou resevwaw
- yo pap jwenn lopital pou yo metew paske pou kont ou ou gentan kontamine twòp moun lopital pap gen plas ankò
- wap gadew ki pral mouri menm pitit pap ka vin papi ou manmi mw renmenw
- menm nan antèmanw yo gendwa pa ka ale
- wap soufri anpil avanw mouri

Commentaires